Songtexte.com Drucklogo

Ayibobo Songtext
von FREEDOM

Ayibobo Songtext

Ayibobo
Anpil tan n′ap goumen
E anpil ke lut la kòmanse
Men li lè pou l fini mesye
Nèg fatige men
Ayiti...

Sa fè anpil tan, chak jou ou leve nan lavi di
Priye Bondye silvouplè fè pwoblèm sa a pati
'Pil tan, dife sou lari nou pè soti
Fè m pè fè pitit pou l pa jwenn kote pou l grandi
′Pil tan nou bezwen 'on mirak, fò n fè l vini
Depi ou Ayisyen ou ka rele m fanmi
'Pil tan frè ap piye frè nou di "Pouki?"
Olye w priye pou mwen, ou ta renmen m detwi

′Pil tan
Mwen m′wèl fè twòp tan, 'pil tan
′Pil tan fè anpil tan 'pil tan
Mwen m′wèl fè twòp


Ayibobo
Bobo, Ayibobo, manman manbo, leve m pi yo
Ayibobo
Leve m pi wo
Bobo,
Ayibobo

Site Solèy jouk rive anba Limbé
M'gen lòv pou tout katye
Lè w tande lame libète se solda k′ap pale
Kwen lari danje w'oblike mache ak Kadaffi chaje
Priye Bondye tèt mwen pa eklate avan m'jwenn destine m
Gwo bout pwoblèm yo anfle
Planèt la banm vètij lè l′ap vire
Mantalite chanje, nèg paka viv si li pa jwenn manje
Sak vid paka kanpe
Si dlo pa jwenn rasin lan pap pouse
Yon sosyete ki ne a peri, n′fatige revolte
Nou wè twòp tan pase
Un maitre pou tout kote
Se lakay mwen pouse
Se la rasin mwen ye
Se la pou m antere


Sa fè anpil tan
Chak jou ou leve nan lavi di
Priye Bondye silvouplè fè pwoblèm sa a pati
'Pil tan, dife sou lari nou pè soti
Fè m pè fè pitit pou l pa jwenn kote pou l grandi
′Pil tan nou bezwen 'on mirak, fò n fè l vini
Depi ou Ayisyen ou ka rele m fanmi
′Pil tan frè ap piye frè nou di pouki
Olye w priye pou mwen, ou ta renmen m detwi

'Pil tan
Mwen m′wèl fè twòp tan, 'pil tan
'Pil tan fè anpil tan ′pil tan
Mwen m′wèl fè twòp

Moun Okap, tè Breda,
Gonayiv, Africa
Respekte sa nou refize viv konsa
Moun Okay, Jeremie, Labadie, Makaya
Konnen limyè ap tann ou nan fen koulwa
Pòtoprens, moun Kafou, tout se frè Kiskeya
Sot Fanm Pa Dra jouk rive sou ba Delmas
Respekte sa, nou refize viv konsa

Nou rele chak fwa nou chante se lame libète (rpt)
(Chak swa m'fè yon priyè, nèg priye ke peyi sa a va chanje)
(Ke tout frè va kanpe ansanm pou yo ka f′on efè sou sitèm lan)
(Ou konprann.)
Nou priye chak fwa nou chante se lame libète

"Ayibobo" nou rele chak fwa nou chante se lame libète (rpt)

Bobo, Ayibobo, manman manbo, leve m pi yo
Ayibobo 3x
Leve m pi wo
Bobo,
Ayibobo

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von FREEDOM

Quiz
Wer singt über den „Highway to Hell“?

Fans

»Ayibobo« gefällt bisher niemandem.