Songtexte.com Drucklogo

Sove Peyi Mwen Songtext
von FREEDOM

Sove Peyi Mwen Songtext

Ayiti, ayibobo

Sove peyi mwen
Bondye, Ou konnen nou soti lwen, wo-oh
Veye fanmi mwen
San yo, m pa t ap janm ka anyen, no, no, no
W a sove peyi mwen
Nou p ap kite l menm jan demen
Chanje krangou tounen vant plen
Nou p ap kite l menm jan demen

Menm jan demen, menm jan demen, menm jan demen
Menm jan demen, menm jan demen, menm jan demen
Wo-oh-oh


Gade tout sa k te sa l, vin repwòpte
Tout sa k boule vin remonte, tout moun plante, nou rekolte
Ouh-oh-oh-oh
Tande lapli tonbe, remèsye syel la lè solèy klere
Met men nan men, nou wè pwoblèm pase
Oh, Bondye
Tande tanbou mache, n ap manje chak fwa ke mwen chante
Timoun yo kontan, gade yo danse

Sove peyi mwen
Bondye, Ou konnen nou soti lwen, wo-oh
Veye fanmi mwen
San yo m pa t ap janm ka anyen, no, no, no
W a sove peyi mwen
Nou pa kite l menm jan demen
Chanje krangou tounen vant plen
Nou p ap kite l menm jan demen, yah

Maten, m leve, solèy ap klere
Bò kot bèl lanmè k ap monte, tambou peyi an m k ap gwonde, tout bèl fi ap danse
Nèg kanpe la ap gade
Chita sou plaj la, kounyèya kè m poze, m ap tande vag pale, se lè sa mwen plonje
Trezò nan dlo a chak fwa mwen rantre, pa gen pi bèl kote
Remèsye Bondye ke se la m pouse
Nasyon ki kreye libète
Se puisans nou ki te fè sa chanje
Nou danse libète, tout chèn kase


Sove peyi mwen
Bondye, Ou konnen nou soti lwen, wo-oh
Veye fanmi mwen
San yo, m pa t ap janm ka anyen no, no, no
W a sove peyi mwen
Nou pa kite l menm jan demen
Chanje krangou tounen vant plen
Nou p ap kite l menm jan demen

Menm jan demen, menm jan demen, menm jan demen (li p ap menm jan demen non)
Menm jan demen, menm jan demen, menm jan demen (se mete men nan men)
(N ap wè tout bagay pouse, tout moun ap byen viv)
Wo-oh-oh (tout bagay ap chanje, sonje m te di w sa)

Ayibobo

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von FREEDOM

Quiz
In welcher Jury sitzt Dieter Bohlen?

Fans

»Sove Peyi Mwen« gefällt bisher niemandem.