Songtexte.com Drucklogo

Plezi Mize Songtext
von Emeline Michel

Plezi Mize Songtext

De vaksin, de tanbou
Ayisyen anraje
Djakout mizè nèg vole
Se plezi san rete

W ap fè m sa m pa vle
Si w fè chapo m vire
Pa gen pàn asosye
Nan bann n a kwaze

Nanpwen tan pou chodyè monte
Vant timoun yo ap kòde
Demen lè bann ap pase
N a bliye vant kòde

Wisky, chiken pou yo
Kleren, benyen pou nou
Si yo voye mayo
N a sispann fè wè zo


S on wololoy
Pou chodyè monte
Menm si vant timoun yo ap kòde
Kòm demen bann ap pase
N a bliye vant kòde
Vant kòde, woy
Vant kòde, woy

Men se sa k ka bay
Bèl koudjay, ayayay!
Enben, nèg lakay
Ann al nan bal pou piyay

Si pa t sa te bay
Bèl koudjay, ayay!
Di m non, nèg lakay
Tray ki ta gen lakay

S on wololoy pou chodyè monte
Vant timoun yo mèt kòde
Si demen bann ap pase
N ap bliye vant kòde
Vant kòde, woy
Vant kòde, woy


De vaksin, de tanbou
Mwen di w moun yo anraje
De vaksin, de tanbou
Mwen di w tout moun anraje
De vaksin, de tanbou
Ayisyen anraje

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von Emeline Michel

Fans

»Plezi Mize« gefällt bisher niemandem.