Songtexte.com Drucklogo

Tankou Melodi Songtext
von Emeline Michel

Tankou Melodi Songtext

Solèy la gen dòmi nan je
Tout boutik fin fèmen
M chita, m pa bouje
W ap ban m de ti kout pye
Ou p ap tann Fevriye

Solèy te gen dòmi nan je
Lò nou t ap karese
Tout kò m te pran dife
Menm rèl nou te mele
Nou te fèk kòmanse

Yon jou, yon promès, yon foli
Demen lapli, rèv toutouni
Pran kè w ak de men
Fòk ou ka goumen pou mwen

Solèy la met dòmi nan je
Moun lavi sakaje
Choublak te mèt fennen
Zetwal met pa limen
Ou menm, w a wè demen


Solèy la gen dòmi nan je
Tout boutik fin fèmen
Se lavi k pral tanmen
Boujonnen nan vant mwen
Tankou yon melodi

Yon jou, yon promès, yon foli
Yon move tan, rèv toutouni
Pran kè w ak demen
Fòk ou konn goumen pou mwen

Si w tande mwen
N a wè lakansyèl tou yon jou
Men n a viv lesansyèl
Toulèjou lanmou va di "Doulè mwen fini"
Lanmou pa nou tankou yon melodi (tankou melodi)
Mmmhm-mmmhm!

Tankou melodi
Tankou melodi

Si w tande mwen
N a wè lakansyèl tou yon jou
Men n a viv lesansyèl
Toulèjou lanmou va di "Doulè nou fini"


Lanmou pa nou
Tankou yon melodi
(Tankou melodi) mmmh, yon melodi
Tam-mba-mba-mmwe! (tankou melodi)
(Tankou melodi)
(Tankou melodi)

Tankou melodi
Tankou melodi
Tankou melodi

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von Emeline Michel

Quiz
Wer singt das Lied „Applause“?

Fans

»Tankou Melodi« gefällt bisher niemandem.