Songtexte.com Drucklogo

Jwé kwen Songtext
von Zenglen

Jwé kwen Songtext

Li di pou eksplike
Sitiyasyon an konplike
Mwen s on mesye marye
Ki tonbe pou yon madanm marye

Pa pran sa mal, tanpri
Pa pran sa mal, tanpri
M pa nèg ki nan anpil fi
Nan li mwen pran plezi

L ap difisil pou n rive fè vi n a de
(Fè vi n a de)
Nou pa oblije mete pye n n on grenn soulye
(N on grenn soulye)


Oh-oh
Premye fwa sa rive m
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwen)
Mennaj mwen angaje
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwen)
Poutan, nan vi m, li serye
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwеn)
Madanm s on moun marye
(N ap jwe kwen, m ap jwе kwen)

Dèfwa, m konn santi m indecise
Menm sonje m pa gen chwa
Annou kontinye pran ti priz
Pito n kite l konsa
Paske, lè m wè w, kè m mate bip-bip, ah, wè-èh
Mwen konn avè l, men lespri m busy (avè l)

L ap difisil pou n rive fè vi n a de
(Fè vi n a de)
Nou pa oblije mete pye n nan yon grenn soulye
(Nan on grenn soulye)

Oh-oh
Premye fwa sa rive m
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwen) mmh-mmh
Mennaj mwen angaje
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwen)
Poutan, nan vi m, li serye
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwen)
Pandan m s on moun marye
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwen, woy)


Zenglen, kite l konsa (may pou may)
Oh, oh
Oh, oh
Oh, oh

(Pa fè sa)
Cheri (pa fè sa) ou wè jan l ye a
N ap kite l konsa (oh, oh)
Anyen pa deranje m
(Oh, oh)

Pito nou jwe
Pito nou jwe kwen
Kout manchèt nan dlo pa gen mak
Pito nou jwe kwen

Pito nou jwe
Pito nou jwe kwen
Kout manchèt nan dlo pa gen mak
Pito nou jwe kwen

M konnen l pa legal
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwen)
M g on mennaj ki gen mari
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwen)
Pèsonn pa ka konn sa
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwen)
Pou evite dega
N ap kenbe l konsa (mmh-mmh)

Pito nou jwe (pito nou jwe)
Pito nou jwe kwen (annou jwe, jwe)
Kout manchèt nan dlo pa gen mak
Pito nou jwe kwen

M konnen l pa legal
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwen)
M g on mennaj ki gen madanm
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwen) mmh-mmh
Pèsonn pa ka konn sa
(N ap jwe kwen, m ap jwe kwen)
Pou evite dega
N ap kenbe l konsa

Pito nou jwe (pito nou jwe)
Pito jwe kwen (annou jwe, jwe)
Kout manchèt nan dlo pa gen mak
Pito nou jwe kwen (cheri)

Ou wè jan l ye a (oh, oh)
Kite l konsa
(Oh, oh)
Pa manyen li
(Oh, oh) Tamara, cheri, veye paparazzi
Ah, bon, dakò (oh, oh)

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Fans

»Jwé kwen« gefällt bisher niemandem.