Songtexte.com Drucklogo

Pa Mode Songtext
von Harmonik

Pa Mode Songtext

Kite m di w
Mwen konnen sa ki padon
E mwen kwè nan konpasyon
Lavi twò kout, pa gen plas pou trayizon
Se sa k fè nou diferan

Mwen pa ka mete tèt mwen nan plas ou
Se sa k evite m fè sa ki pa bon
Pouki w vle ban m kou pandan m ap ede w
Èske w pa wè siksè m nan avantaj ou?

Sa konn rive, mw anvi louvri bouch mw
Pou m di, oh, non, oh, non
Si ou kwè nan fè sa ki mal
Ou ka fè li pou yon tan
Men w p ap ka fè l pou tout tan, non, non

Mwen pa ka mete tèt mwen nan plas ou
Se sa k evite m fè sa ki pa bon
Pouki w vle ban m kou pandan m ap ede w
Èske w pa wè siksè m nan avantaj ou?


Pa mòde men ki ba w manje (yeah, he heard)
Demen, ou ka gen bezwen l

Pa mòde men ki ba w manje
Demen, ou ka gen bezwen l

M te di w mechanste pa ladann
W a va sispann fè sa k pa sa
Yon jou w ap fas ak konsyans ou
W p ap gen pèsòn pou defann ou
Yo di sa w fè se li ou wè
Zanmi w te gen tan nan erè
Libere lespri w de sa ki mal
Repanse vi w pou pa gen remò

Pa mòde men ki ba w manje (yeah, it is right)
Demen, ou ka gen bezwen l
Pa mòde men ki ba w manje (wo-oh, pa mòde)
Demen, ou ka gen bezwen l

M te di w mechanste pa ladann
W a va sispann fè sa k pa sa
Yon jou, w ap fas ak konsyans ou
W p ap gen pèsòn pou defann ou


Yo di sa w fè se li ou wè
Zanmi w te gen tan nan erè
Libere lespri w de sa ki mal
Repanse vi w pou pa gen remò

Nicky
Sa s on Konpa kloutoup kloutap
(Nou p ap prese)

Fred, mizè w, woy!

Sa s on Konpa kloutoup kloutap
(Nou p ap prese)

Pa mòde men ki ba w manje (aprann viv ak senplisite)
Demen, ou ka gen bezwen l (Chanje kè w, chanje lespri w)

Pa mòde men ki ba w manje (kite sa ki bon domine w)
Demen, ou ka gen bezwen l (fè l avèk anpil imilite)

Pa mòde men ki ba w manje
Demen, ou ka gen bezwen l (lady New-York, ou tande)

Pa mòde men ki ba w manje
Demen, ou ka gen bezwen l

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von Harmonik

Quiz
Wer ist auf der Suche nach seinem Vater?

Fans

»Pa Mode« gefällt bisher niemandem.