Songtexte.com Drucklogo

Enpòtans Songtext
von Harmonik

Enpòtans Songtext

M′leve m'atriste
M′ap panse ak kalamite
Pa vle kontinye konsakre vi'm ak endinite
Ooo chak jou se yon diskusyon
N'ap viv nan konfusyon

Ou pa banm enpòtans ankò
Relasyon′n pa fè sans ankò
Tu as changé, m′ap suspann bay tèt mwen manti
Gen lè nou pa gen chans ankò
Nou pa gen konsistans ankò
Tu as changé, m'ap suspann bay tèt mwen manti

Paske ou okupe
Nou pa janm ka komunike
Lè′w resi libere
W'al kouche san nou pa menm pale, o o yeah
Mwen santi mwen nan prizon
M′kondane san rezon


Ou pa banm enpòtans ankò
Relasyon'n pa fè sans ankò
Tu as changé, m′ap suspann bay tèt mwen manti
Gen lè nou pa gen chans ankò
Nou pa gen konsistans ankò
Tu as changé, m'ap suspann bay tèt mwen manti

Se pa plenyen m'ap plenyen
Pito′n remete yon fen
Ak yon vi san avni o o
Cheri banm enpòtans mwen
Mwen merite li

Si′w pa banm enpòtans mwen
M'ap mare pakèt mwen
Oh oh oh oh oh oh oh
Mwen pa yon egzijan
Bouke ban mwen move jan

Ou fè kòmsi sa′m mande'w yo inposib
Mwen pa mande′w lajan
Sèl ti moso santiman
Piga lè'm ale w′ap mande'm padone'w

Frape, frape mwen frape pye′m atè
Kase, kase mwen chèn lapèn
Frape, frape mwen frape pye′m atè
Kase, kase mwen chèn lapèn


Mwen pa yon egzijan
Bouke ban mwen move jan
Ou fè kòmsi sa'm mande′w yo enposib
Mwen pa mande'w lajan

Sèl ti moso santiman
Piga lè′m ale w'ap mande′m padone'w
Frape, frape mwen frape pye'm atè
Kase, kase mwen chèn lapèn
Frape, frape mwen frape pye′m atè
Sèlman′m di'w si′w pa banm enpòtans mwen
M'ap mare pakèt mwen

Oh oh oh oh oh
Cheri ramase′m atè a non
Ramase'm

Cheri ban′m valè'm, cheri ban'm valè′m
Se pa lè′m pa la pou wè'm te bon lè′m te la
Cheri ban'm valè′m, cheri ban'm valè′m
Se pa lè'm pa la pou wè'm te bon lè′m te la

Cheri ramase′m atè a non
Ramase'm

Cheri ban′m valè'm, cheri ban′m valè'm
Se pa lè′m pa la pou wè'm te bon lè'm te la

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von Harmonik

Quiz
Whitney Houston sang „I Will Always Love ...“?

Fans

»Enpòtans« gefällt bisher niemandem.