Songtexte.com Drucklogo

Nou Pap Lage Songtext
von T‐Vice

Nou Pap Lage Songtext

Je t′aime Haiti
Ayiti m'pap janm kite w
Ayiti se peyi pa m
An n rekonstri Ayiti
Ayiti kenbe la
Gad′on tradeji ki tonbe sou peyi n
Tande moun k'ape di Ayiti fini
Mwen di non, non pa dekouraje
Mwen di non, non nou gen pou n leve
Ak lafwa Bondye
Madi 12 janvye yo rele m
Fè m konnen gen yon state of emergency
Lè mwen lumen tele m'wè tout moun do nan je
Se peyi a ki fè k tranble
M′wè palais tonbe, DGI kraze, Montana pa egziste
Sacre Coeur nan lari, Leogane ap soufri
Jacmel depafini
M′ap mande konbyen moun ki frape
Tout moun nan lari y'ap panike
Eske se reve m′ap reve


O Bondye eske fanmi mwen epargné?
Zanmi mwen OK?
Pouki se peyi m sa rive?
Rele papa Bondye
Pitye pou Ayiti
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Everybody stand up, never ever giving up
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
M'ap priye pou tout moun ki pèdi ′on pwòch nan moman sa a
Kenbe la, kenbe la –
Ayiti peyi mwen, malgre tout mizè nou pase
Kenbe la, kenbe la
Fò w kenbe, nou pap lage non
Pèp Ayisyen m'avè n, e m′pap lage
Rele Papa Bondye
Pitye pou Ayiti
Si nou fè mal tanpri padone nou
Rele Papa Bondye
Rele...
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
We are one, together we shall overcome
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pap janm lage non... Kenbe la,
N'ap kenbe...
Kenbe la, kenbe la
Wo... Ayiti sou jenou men li pa kouche
L'ap releve
Se pa premye fwa Ayiti pran frap
Men n′pa janm dezespere
Nou toujou goumen, bay youn lòt lanmen
Ayiti kenbe la

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von T‐Vice

Quiz
Welcher Song kommt von Passenger?

Fans

»Nou Pap Lage« gefällt bisher niemandem.